Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA

Letra de 'Kon'n Saw Vo' de Zenglen - Escucha y canta en New Musicas

Varios-artistas

Exitos Con Madre

Varios-artistas

Under the Influence

Varios-artistas

Musica para leer y estudiar

Varios-artistas

Memory lane

Artist profile picture

Kon'n Saw Vo

Zenglen

Canciones

Lavi se yon mistè
Pyès moun paka li l' kò m' vèsè
Pafwa nesesite
Ka fè w' antre nenpòt kote
Konpetans ou tèlman wo nivo
Yo betize w pouw' pa konn sa w' vo
Yo pase w' anba pye
Pou w' pa janmen pèse

Bondye bay talan
Ak entèlijans
Olye pou y'ankouraje w'
Yo pito chèche bare w
Bondye bay talan
Ak entèlijans
Olye pou y'ankouraje w'
Yo pito chèche bare w

Douvan yo sa w' fè pa bon
Dèyè do w' y'ap fè louwanj ou
Sa ki pi mal pase w'
Se yo k'ap iwonize w
Li lè li tan pou n' ankouraje
Sila k'ap fè jefò san prejije
Tout moun gen kote yo kòmanse
Gen w' kote w' rive se chwa Bondye

Bondye bay talan
Ak entèlijans
Olye pou y'ankouraje w'
Yo pito chèche bare w
Bondye bay talan
Ak entèlijans
Olye pou y'ankouraje w'
Yo pito chèche bare w

Sa pou m' fè pou yo
M'ap fè sa mwen konn fè
Si yo pa bay respè
Zafè a yo
Sa pou m' fè pou yo
M'ap fè sa mwen konn fè
Si yo pa bay respè
Zafè a yo

Woo! Se les hommes
Sa w' fè pou yo
Sa m' fè pou yo
Depi w' toujou fè sa w' dwe fè
Lanati va souri ba ou
Ou menm k'ap vini
Sa pou w' fè pou yo
Pa okipe yo
W' pa gen pou pè malgre konplo
W' dwe toujou fyè e konn sa w' vo

Sa pou m' fè pou yo
M'ap fè sa mwen konn fè
Si yo pa bay respè
Zafè a yo
Sa pou m' fè pou yo
M'ap fè sa mwen konn fè
Si yo pa bay respè
Zafè a yo

Ayayayayay
Sa pou w' fè pou yo
Sa pou m' fè pou yo
Toujou rete pozitif
Yon pòt fenmen, yon lòt pral louvri
Ou menm k'ap vini
Sa pou w' fè pou yo
Pa okipe yo non
W' pa gen pou pè malgre konplo
W' dwe toujou fyè e konn sa w' vo

Bondye bay talan
Ak entèlijans
Olye pou y'ankouraje w'
Yo pito chèche bare w'
Bondye bay talan
Ak entèlijans
Olye pou y'ankouraje w'
Yo pito chèche bare w'

Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA