Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA

Letra de 'Grev Bèbè' de Zenglen - Escucha y canta en New Musicas

Varios-artistas

Musica Tranquila De Rio Para Relajar

Varios-artistas

Global Dance Hits

Varios-artistas

Ultra Music Festival 2024

Varios-artistas

Pop Workout

Artist profile picture

Grev Bèbè

Zenglen

Canciones

Gen moun pou l revandike, li fè grèv li jan li vle
Gen moun se lari a yo pran
Gen lòt pou l' fè w konprann li, li joure, li tire pye
Gen moun se grèv de faim yo fè
Nan foyer lakay mwen
Lè madanm mwen move, li fè twa jou l' pa pale
Sa se you grèv bèbè
Sou mwen l' fè anpil efè
Et manmzèl konnen sa bien

Dè fwa mwen konn sa mwen di
Dè fwa mwen konn sa mwen fè
Dè fwa mwen pa menm konn poukisa
Grèv bèbè sa torture m et li fè m' mal jouk nan zo
Pito l' te joure l' te babye

Nan foyer lakay mwen
Lè madanm mwen move, li fè twa jou l' pa pale
Sa se you grèv bèbè
Sou mwen l' fè anpil efè
Et manmzèl konnen sa bien
Son silence est puissant, et même tout-puissant

Li di pou mwen, li fè mwen mal, adye oy

Gad'on grèv o, li gen twa jou li pa pale
S'on grèv bèbè k' mande anraje
Gad'on rèv o, nwit blanch
Gad'on rèv o, too much
Li gen twa jou depi l boude
S'on grèv bèbè k'ap fin avè m'

Bagay sa di pou mwen, bagay sa di pou mwen
Malgre toujou eseye, m pa renmen fè li fache
S'on pyèj ki tan pou mwen
Et mwen pran ladan li souvan
Erè m yo pa twò gwo, menm fè yo de temps en temps
Bagay sa di pou mwen, bagay sa di pou mwen
Nenpòt ti kont nou genyen, te gentan pa pale
Leswa lè l' al d
Òmi, ak pantanlon, fas li nan mi
Grèv sa pot embargo
Nwit blanch yo menm se agogo

Gad'on rèv o, nwit blanch
Gad'on rèv o, too much
Li gen twa jou li pa pale
S'on grèv bèbè k' mand' anranje

Gad'on rèv o, ey
Gad'on rèv o, Gad'on rèv
Li gen twa jou depi l boude
S'on grèv bèbè k'ap fin avè m'

Oh non, oh non, oh non, oh non, oh non

Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA