Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA

Letra de 'Men L Anle' de TROUBLEBOY HITMAKER - Escucha y canta en New Musicas

Varios-artistas

Hits Pop en Espanol

Varios-artistas

00s Latin Music

Varios-artistas

Exitos De Los 70s En Ingles

Varios-artistas

Hoy Es Viernes

Artist profile picture

Men L Anle

TROUBLEBOY HITMAKER

Canciones

M' f'on rèv, m wè Adan ak Èv ki fache pou on koulèv
Sa s'on prèv, m wè jezi ki fè malèt li ki dim lap vini
Se bon rèv, li lèli tan poun sispann fè mal repanti
Fè bon zèv, voye je'w anlè a, w'ap wè'l

Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini
Repanti, repanti, ret tann li ret tann li
Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini
Repanti, repanti, ret tann li ret tann li

M' reve m' wè'm nan Jardin d'Eden
Se pa EDH, pa gen limyè etènn
Pa gen janvye, pa gen jan m' vle
Pa gen tonton nwèl, pa gen zetrèn
M wè Èv goute pòm nan men sèpan an
Lè'm voye je'm se sak devan'm nan
Adan ak Èv fè de pitit
Youn pou Adan, youn pou sèpan an
M sezi m wè Kayen tiye Abèl
Sa vle di sèpan se senbòl satan
Nou jwen la haine depi nan kòmansman
Depi nan kòmansman lanmou pèdan
Ou fè tour de Babel pou ka fè'n diferan
Fè'n diferan, pale lang diferan
Nou pale lang diferan nou pa vle fè lapè
Nou fè lapè nou fè lagè, men kounye a dife pran
Rete m rete m sot nan vant manmanm, Yo di dim m ayisyen
So chak sa m fè ki bon se maji so m majisyen
Kòm m'nwa, tout sam vle fè tou nwa
Lavi'm s'on chanpyona, m' te ka genyen kòm se mwen'l tounwa

Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini
Repanti, repanti, ret tann li ret tann li
Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini
Repanti, repanti, ret tann li ret tann li

M leve pou'm pipi, m' tou paka
On ti il tou piti kou tou kaka
Ou trase'l an 2 tankou kata
On bò pale kreyòl, on bò habla
Nan men grandes puissances yo n'ap pran frap la
Si'n te met tèt ansanm nou patap la
Gen sa ki di'n pa pitit kris pou mwen se sa'k pi tris
Yo di'n fèt a limaj de Dieu, poutan se sa'l ye vre
Chak lè'm met pye'm anndan legliz
Yo di m' gen vayb dejwe, nah, nah
M still nan rèv la an 94, Tankou kè Baky anndan kès leta vid
La nou an 84 bagay yo pi tchak, Duvalier ap piye nou pa gen likid
Sigarèt 2 pwent lan toujou ap limen
Jiska prezan nou paka fimenl
Te vle kontre Anténor Firmin, anba solèy poutan se lalin
Fyète pou mwen se Henry Christophe
Capois LaMort, Toussaint, Dessalines
Se fyète'm se sa'k vi'm

M' f'on rèv, m wè Adan ak Èv ki fache pou on koulèv
Sa s'on prèv, m we jezi ki fè malèt li ki dim lap vini
Se bon rèv, li lè li tan poun sispann fè mal repanti