Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA

Letra de 'Nou Pap Lage' de T-Vice - Escucha y canta en New Musica

Varios-artistas

Mix Musica Cristiana Juvenil

Varios-artistas

Soundtrack Classics

Varios-artistas

00s Alternative

Varios-artistas

Clasicos latinos

Artist profile picture

Nou Pap Lage

T-Vice

Canciones

Je t'aime Haiti
Ayiti m pap janm kite w
Ayiti se peyi pa m
An n rekonstri Ayiti
Ayiti kenbe la

Gad'on tradeji ki tonbe sou peyi n
Tande moun k'ape di Ayiti fini
Mwen di non, non pa dekouraje
Mwen di non, non nou gen pou n leve
Ak lafwa Bondye

Madi 12 janvye yo rele m
fè m konnen gen yon state of emergency
Lè mwen lumen tele m wè tout moun do nan je
Se peyi a ki fè k tranble
M wè palais tonbe, DGI kraze, Montana pa egziste
Sacre Coeur nan lari, Leogane ap soufri
Jacmel depafini

M'ap mande konbyen moun ki frape
Tout moun nan lari y'ap panike
Eske se reve m'ap reve
O Bondye eske fanmi mwen epargné?
Zanmi mwen OK?
Pouki se peyi m sa rive?

Gad'on tradeji ki tonbe sou peyi n
Tande moun k'ape di Ayiti fini
Mwen di non, non pa dekouraje
Mwen di non, non nou gen pou n leve
Ak lafwa Bondye

Rele papa Bondye
Pitye pou Ayiti
Rele papa Bondye
Pitye

Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Everybody stand up, never ever giving up
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa

M'ap priye pou tout moun ki pèdi on pwòch nan moman sa a
Kenbe la, kenbe la
Ayiti peyi mwen, malgre tout mizè nou pase
Kenbe la, kenbe la
Fò w kenbe, nou pap lage non

Pèp Ayisyen m avè n, e m pap lage

Rele Papa Bondye
Pitye pou Ayiti
Si nou fè mal tanpri padone nou
Rele Papa Bondye
Rele

Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
We are one, together we shall overcome
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pap janm lage non

(Kenbe la) N'ap kenbe
Kenbe la, kenbe la
Wo... Ayiti sou jenou men li pa kouche
(Kenbe la, kenbe la) L'ap releve

(Kenbe la) Se pa premye fwa Ayiti pran frap
Men n pa janm dezespere
(Kenbe la) Nou toujou goumen, bay youn lòt lanmen

Ayiti kenbe la

Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA