Bon bagay yon mangonmen nan zòn nan la
Yo di nenpòt jan l ye, ba yo Vice la
2017
Kote w te ye T-Vice, kote w te ye
Chanmas te branche men ou pa t rive
(Tout moun t ap mande)
Kote w te ye T-Vice, kote w te ye
San mèt beton an te manke on bagay
Wi ane pase nou te deside pou n f on kanpe akoz de ensekirite
Te gen kriye paske vid la pa t konble
Yo di san T-Vice pa gen kanaval
Kote w te ye T-Vice, kote w te ye
Chanmas te branche men ou pa t rive
(Tout moun te gen dlo nan je)
Kote w te ye T-Vice, kote w te ye
Ane sa a nou retounen, nou pral vole pi wo pi wo
Pi wo pi wo pi wo, nou pral vole pi wo (Souke drapo djaz la)
Pi wo, pi wo, nou pral vole pi wo (Woz e jon bebi)
Pi wo, pi wo, nou pral vole pi wo
Pi wo, pi wo, nou pral vole
Fanatik yo di, nou te fè l deja, nou pral fè l ankò
Okay cheri men chanpyon an
Ayi a o o
Antèn nou branche wo
Ayi a o o
Nou kouvri tout rezo
Pa gen anyen, pa gen anyen n pa konn nan ti peyi sa a
Ayisyen byen branche, atèn yo toujou wo
Pa gen anyen, pa gen anyen n pa konn nan ti peyi sa a
Depi w pa nan vòle, leve 2 men w anlè
Pi wo, leve l, leve l
Pi wo, leve l pi wo
Pi wo, leve l, leve l
Pi wo, pi wo...
Woy nou pa pè anyen
Woy woy T-Vice pa pè anyen
Woy nou pa pè anyen
Woy woy T-Vice pa pè anyen (Y ap mande m pou Toto, men Toto)
Men Toto
Men Toto - Kale kale l
Men Toto - Ba yo Toto
Men Toto - Y ap mande pou li
Men Toto - Men ni nan bann nan
Men Toto - Men ni nan djaz la
Men Toto - Ti medam mwen yo
Medam yo, mande Toto
Medam yo, mande Toto (Men nèg Moving On nan)
Medam yo, mande Toto (Tout peyi a k ap mande l)
Medam yo, mande Toto (Men Toto)
Men Toto - Kale kale l
Men Toto - N ap ba yo l ba yo l
Men Toto - Men Toto Vice
Men Toto - Men Totobeat
Men Toto - Toto Jera
Men Toto - Ba yo Toto
Men Toto - Toto pa janm pè
Nou pa pè ti dyab, nou pa pè gwo dyab
Gen towo, gen towo, gen towo pase towo
Ole ole, ole ole...
Bon ban m pale ak mò vivan yo
Yo f on ane ap peche pwason
Y ap veye kanaval pou vin ranse
Depi Ti Khé kite ou retonbe a zewo
Tankou bann ti bebe k ap goumen pou bibon
Kanaval w ap veye tankou chyen fou deyè zo
Ou sou bouda, ou sou bouda
Ou sou bouda, ou sou bouda
Alo vouzan, ou s on mò vivan
Alo vouzan, ou s on mò vivan
Alo vouzan, ou s on mò vivan
Alo vouzan
Pandan m ap vole wo, ou menm ou a zewo
Fèmen dan w, fèmen dan w, fèmen dan w
Ou pa sou anyen
Alo vouzan, ou s on mò vivan
Alo vouzan, ou s on mò vivan
Alo vouzan, ou s on mò vivan
Alo vouzan
Yo rele n mèt beton, se pa pou anyen
Depi se kanaval toujou pi move
Tankou fize k - tchaaa
Tankou kanon ki tire bim
Tankou peta k peta - baw
Djaz sa s on bouldozè, depi w wè l ap rive
Chemiz anlè vire touwon
Chemiz anlè vire touwon
Chemiz anlè vire touwon
Chemiz anlè vire touwon
Vire touwon, vire touwon
Vire touwon, vire touwon
Poze poze nèt
Poze poze nèt
Poze poze nèt
Yo rele n mèt beton, se pa pou anyen
Depi se kanaval toujou pi move
Tankou fize k - tchaaa
Tankou kanon ki tire bim
Tankou peta k peta - baw
Djaz sa s on bouldozè, depi w wè l ap rive
Chemiz anlè vire touwon
Chemiz anlè vire touwon
Chemiz anlè vire touwon
Chemiz anlè vire touwon
Vire touwon, vire touwon
Vire touwon, vire touwon
Poze poze nèt
Poze poze nèt
Poze poze nèt
(Wey) Men orijinal la
Wey
Wey
Men T-Vice la nan dada w
Men T-Vice la nan dada w
Men T-Vice la nan dada w
Men T-Vice la nan dada w
Ay kouri kouri - men T-Vice la nan dada w
Ay men ni men ni men ni
Men Vice la, men Vice la
Men Vice la, men Vice la
Men Vice la, men Vice la
Men Vice la, men Vice la
Pito w manyen dife w pa manyen djaz sa
Pito w manyen dife w pa manyen djaz sa
Pito w manyen dife w pa manyen djaz sa
Pito w manyen dife w pa manyen djaz sa
Fanatik yo di
Men Vice la, men Vice la
Men Vice la, men Vice la
Men Vice la, men Vice la
Men Vice la, men Vice la
Pa manyen djaz sa
Wa boule, wa boule
Wa boule, wa boule
Wa boule, wa boule
Wa boule, wa boule
Ou poko nan jwèt manman w
Blòde k fè k marye k ap pran zoklo
Ou poko nan jwèt manman w
Pa ka pale nan koze moun
Ou poko nan jwèt manman w
Gade dosye a nan lari a
Ou poko nan jwèt
Ay ay pa pale, Shabba s on papa a a
Ay ay pa pale, ay femen bèk ou
Ou tande okay ou gen latranblad, 2 kabès baw!