Pa rete lwen m
Distans konn pran plas renmen
Ou iranplasab
Sa vle di nou enseparab
Pa gen lontan ou tap kesyone m
Ou kwè ke m ap reviv ankò
Se pi gwo enkyetid mwen
Mwen te pansyan mwen tap priye
Pou lanmou ban m men ankò
Se pi gwo dezi m te gen
Depi w antre nan vi m
Ou fè m m ap fete
Souvan banm pote jou nan obskirite
Li pa fasil pou m santi m konsa
Feeling sa dwe rete la
Lè w pase men sou mwen
M santi m reyanime tout selil andan mwen
Enseparab, nou enseparab
Lanmou n mèt pliye l pap kase
N ap renmen jouk souf nou koupe
Enseparab, nou enseparab
Lanmou n mèt pliye l pap kase
N ap renmen jouk souf nou koupe
Gad jan on lanmou enseparab
M pa konte chans ou fè kè m konfyans
Je fèmen m ap swiv ou, ou pap lage nan twou
Ou kenbe m ou sere m - epi
Ou anbrase m
S on kouran k travèse m li vinn elektrifye m
S on santiman ki resipwòk e li pa la pou yon epòk
Tout bagay sa yo fè m santi sa s on lanmou enseparab hey
Enseparab, nou enseparab
Lanmou n mèt pliye l pap kase
N ap renmen jouk souf nou koupe
Enseparab, nou enseparab
Lanmou n mèt pliye l pap kase
Nou damou nèt ale
Vice 2k, ok
Cheri m pare pou m renmen w - pou lètènite
Men frèt kach la
Zafè, zafè - kite mele m ak moun sa yo
Yo te mèt di m se nèg on sèl fanm zafè yo, kite mele m, kite mele m
M pa kyè, m pa kyè - kite mele m ak moun sa yo
Tande sa pa alamòd ankò zafè yo - kite mele m, kite mele m
Gad jan on lanmou pote m ale
M damou, m damou
Zafè, zafè - kite mele m ak moun sa yo
Yo te mèt di m se nèg on sèl fanm zafè yo, kite mele m, kite mele m
M pa kyè, m pa kyè - kite mele m ak moun sa yo
Tande sa pa alamòd ankò m pa kyè non, kite mele m, kite mele m
Enseparab, nou enseparab
Lanmou n mèt pliye l pap kase
N ap renmen jouk souf nou koupe
Enseparab, nou enseparab
Lanmou n mèt pliye l pap kase
N ap renmen jouk souf nou koupe