Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA

Letra de 'Ayiti Pou Nou (feat. Riva Nyri Précil)' de Steves J. Bryan - Escucha y canta en New Musicas

Varios-artistas

Explosion Mexico

Varios-artistas

Top Hits 1973

Varios-artistas

Top Hits 2019

Varios-artistas

RAVE GYM

Artist profile picture

Ayiti Pou Nou (feat. Riva Nyri Précil)

Steves J. Bryan

Canciones

And this is Steves J. Bryan
Jete dlo
Liminen
Limyè pou nou
Sonje sakrifis zansèt yo te fè pou nou

Kelke swa kotem ta ye nan mond sa, map toujou ayitien m’konn sa so Bonswa
Vini’m prezante nou kisa’k fe nou moun, kisa’k fe nou rich ni lot media yo ba nou zoom
Sou Beat sa m’trason vèvè poum k montre nou jan nou fyè
Nou renmen tè n tankou vè tè pandan l’espri nou ret anlè
Lè’m jeté dlo tout sam pa wè yo ranmasel
Lè’m di ayibobo tout sak pa pre’m yo vin tandem
Nou ret yon pèp ki fò lè sa pa bon n’ danse mizè’n
Ayiti son peyi pa bliye ayitien ki fè’l
Kelke swa orientation’n religion’n oubyen koule’n
Depi nan san w nap ret uni gade mpap pè rele nou frè’m
Tout sak sanble ann rasanble e, nou pral voye peyi’n monte e
Kò’n te met lwen a kè’n nou pre, siw ayitien yon sel nou ye e e

Ohooo ohoooo
Lenba di nou louvri je n tande (Louvri Je nou)
Ayiti se pou nou li ye (pou nou)
Se pou ou li ye
Se pou mwen li ye
Pou nou tout tande

Ayiti peyi rich peyi gro lakou, peyi kafe peyi bannann peyi rapadou
Peyi dash peyi plaj peyi marabou, peyi Riva peyi Steves J peyi paw la tou
Peyi kote lanmou koulè tankou kaskad, menm lè yo vle’n ou pa se lè nou pap jamè bay vag
Nou bay blag pou’n ri malè nou, pandan situation’n pa stab son paradi k’ gen gè tankou bagdad
Sèl sa’n bezwen son ti moman pou’n apresye, Poze tet ou yon kesyon pouki son ayitien ou ye?
Si’w paka we richès ou, wap toujou nan pauvreté, se paske’w t vle chanjman ki few goumen pou libète
Respè tout madan sara kap met manje sou tab nou tout, intellectuel kap vin kondwi nou pandan peyi’n pa gen wout
Djaspora, entrepreneur kap investi e kelke swa kotew ta ye, leve kanpe pou ayiti

Ohooo ohoooo
Lenba di nou louvri je n tande (Louvri Je nou)
Ayiti se pou nou li ye (pou nou)
Se pou ou li ye
Se pou mwen li ye
Pou nou tout tande

Ayiti son tablo li ye
Fow mete nwa pou w ka sonje
Ajiute wouj pou plis viktwa
Pa Bliye vèt pou plis lespwa
Ayiti son tablo li ye
Fow mete nwa pou w ka sonje
Ajiute wouj pou plis viktwa
Pa Bliye vèt pou plis lespwa

Ohooo ohoooo
Lenba di nou louvri je n tande (Louvri Je nou)
Ayiti se pou nou li ye (pou nou)
Se pou ou li ye
Se pou mwen li ye
Pou nou tout tande

Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA