M fè yon chwa nan lavi m
Ki mete m nan trajedi
M pat vle sa pran lari
M oblije kenbe pandan m’ap soufri
M ap sibi yon gwo mal
Men m pa vle rann mal pou mal
M te vle kenbe relasyon sa
Jiskaske kè m febli l tonbe nan koma
Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen
Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen oh
Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen
Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen
Chwa sa, moun sa, moman sa
Pi move desizyon nan vi mwen
Desizyon nan vi an mwen
Di m se granmoun, mwen pa timoun
M pap pran konsèy moun
Sa ta pral koute lavi mwen
Nan manje san enfome
Kè m anpwazone
Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen
Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen oh
Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen
Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen
Kè m ap dechire
M pa pale
Kè m ap dechire
M pa pale
M ap pran responsablite mwen
M ap kriye pou kont mwen
M ap pran swen kè mwen
M ap pran men mwen
(M pa pè, m pa pè) M pa pè rekòmanse
(M pa pè, m pa pè) Repran lavi m o serye
(M pa pè, m pa pè) Kè mwen mèt dilate
(M pa pè, m pa pè) M pap janm pè afronte
Kè m ap dechire
M pa pale
Kè m ap dechire
M pa pale
M ap pran responsablite mwen
M ap kriye pou kont mwen
M ap pran swen kè mwen
M ap pran men mwen
(M pa pè, m pa pè) M pa pè rekòmanse
(M pa pè, m pa pè) Repran lavi m o serye
(M pa pè, m pa pè) Kè mwen mèt dilate
(M pa pè, m pa pè) M pap janm pè afronte
Kè m ap dechire
M pa pale
Kè m ap dechire
M pa pale
M ap pran responsablite mwen
M ap kriye pou kont mwen
M ap pran swen kè mwen
M ap pran men mwen