Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA

Letra de 'JOU PA W' de Mickael Guirand / Vayb - Escucha y canta en New Musicas

Varios-artistas

Morenadas

Varios-artistas

2000s Rock

Varios-artistas

Viral Dance

Varios-artistas

Salsa Hits

Artist profile picture

JOU PA W

Mickael Guirand / Vayb

Canciones

Men jou pa w la gen pou l rive
Avèk pasyans
Bagay yo ap chanje
Men jou pa w la gen pou l rive
Fè mwen konfyans
Bagay yo ap chanje

Se tankou sou you kwa
Ke ou klouwe
Se tankou tout pouvwa
Pa ekzose
Ou vag lavi pafwa
Souf l’ap koupe
Vye van dezespwa fè w santi w
Dezaprouve

Menm si w pa jwenn okenn koulwa
Okenn espwa okenn mouchwa
Lè w ap kriye pou je w siye chak fwa (moman yo nwa)
Menm lè w santi w gen yon gwo pwa
K ap peze chans bonè w pafwa
Yon jou kanmenm wòch la gen pou l woule

Men jou pa w la gen pou l rive
Avèk pasyans
Bagay yo ap chanje
Men jou pa w la gen pou l rive
Fè mwen konfyans
Bagay yo ap chanje

Ou pran nan w toubiyon
Solèy pa leve
Lavi w tankou yon sentiwon
Devenn atache
Se tankou yon miwa
Tristès k afiche
Menm lonbraj ou pa souri ba w
Moral w’a zewo

Menm si w pa jwenn okenn koulwa
Okenn espwa okenn mouchwa
Lè w ap kriye pou je w siye chak fwa (moman yo nwa)
Menm lè w santi w gen yon gwo pwa
K ap peze chans bonè w pafwa
Yon jou kanmenm wòch la gen pou l woule

Lawouze pral tonbe l ap awoze
Granm maten rèv ou sonje gon w Bondye
Lawouze pral tonbe l ap awoze
Zèb bonè w yon jou kan menm pral pouse

Ou se wozo
Ou mèt pliye
Ou pap kase

Ou se wozo
Ou mèt pliye
Ou pap kase

Mwen di fòk ou kenbe (kenbe)
Kenbe (kenbe)
Pa janm dekouraje (fo w kenbe)
Jou pa w gen pou l rive
Kenbe
(Kenbe, kenbe)
Pa janm dekouraje (fo w kenbe)
Jou pa w gen pou l rive

W ap rekolte tout saw plante
Jis travay di pa janm kanpe
Kwè nan tèt ou kwè nan fòs ou
Fo w lite
Si maladi mete w kouche
Si w santi souf w’ap koupe
Bondye ap veye w
Epanye w de eprèv yo

Mwen di fòk ou kenbe (kenbe)
Kenbe (kenbe)
Pa janm dekouraje (fo w kenbe)
Jou pa w gen pou l rive
Kenbe
(Kenbe, kenbe)
Pa janm dekouraje (fo w kenbe)
Jou pa w gen pou l rive

Lè w ap gade jan w ap trennen
Tout moun ap di w pap janm anyen
Kwè nan tèt ou kwè nan fòs ou
Fò w lite
Toutotan zye w poko femen
Konnen mirak ka fèt demen
Bondye ap veye w
Epanyew de eprev yo

Ou se wozo
Ou mèt pliye
Ou pap kase

Ou se wozo
Ou mèt pliye
Ou pap kase

Men jou pa w la gen pou l rive
Avèk pasyans bagay yo ap chanje
Men jou pa w la gen pou l rive
Fè mwen konfyans bagay yo ap chanje

Inicio Top Música Bad Bunny Música Cristiana Taylor Swift Ed Sheeran Luis Fonsi Ozuna Daddy Yankee J Balvin Maluma DMCA