Poukisa pou m lite, pou m gen tout sa m reve
E yon lòt posede sa l vle, san li pa merite l
Yo di mwen se sa lavi
Kote k gen chènn, pa gen kou cheri
Men lè m wè l san m bouyi
Ou wo, lè m wè l, tèt mwen pati
Mwen mache san rete, mwen swiv ou tout kote
Ak lespwa yon jou va rive ou m'a kapab pwoche ou
Elas mizè m pap fini, paske nonm sa pa banm chans cheri
Men lè m wè l san m bouyi
Menaj ou eneve mwen
Cheri, menaj ou eneve mwen
Menaj ou eneve mwen
Si w ap tande, di l sa pou mwen tanpri
Menaj ou eneve mwen
Woy! Li pran tou sa m te reve
Menaj ou enève mwen
O wi, fòs mwen, nanm mwen
Sa fè m mal lè li touche w
M paka wè lè li pwoche w
Tout san m pike
Men se fòt lanmou
Se li ki rann mwen mechan
Men se fòt lanmou (Ki fè m rayi l otan)
M’anvi ou renmenm menm jan
Pataje lavi w otan
Di w mwen renmen ou tout tan
Enbesil la pa janm banm tan
Si w te ka di mwen (Kijan pou m pwoche w)
Cheri tout sa m fè ou pa wè (Kijan pou m pwoche ou)
Mond sa a pou mwen a lanvè (Kijan pou m pwoche w)
Nonm sa a pou mwen se lanfè (Kijan pou m pwoche ou)
Pi gwo kochma m sou latè
Defwa m swete malè rive, ak yon lòt fanm pou ta kenbe li
Pa konn kisa m ta envante pou m wè demen nou fout kite
Yo rakonte m jan li gate w, tout vid nan vi w kijan l konble li
M paka goumen, si l pa gen pou repwoche
Fabrice m wè tout koulè, sèl klè m pa wè!
Cheri m ap mouri wi!
Wooo, wooo
Chapapedpapidipapadpedaw!
Kijan pou m pwoche w
Men cheri, tout sa mwen fè w pa wè (Kijan pou m pwoche ou)
Kijan mond sa pou mwen a lanvè (Kijan pou m pwoche w)
Nonm sa pou mwen se lanfè lanfè!
Manman!
Loulou, I believe bro
Woule, woule, woule
Ici Kreyol la!
Fanatik Kreyol La, ou kwè y'ap janm jwenn bout nou? Hehey!
Cheri, mennaj ou ap tiye m wi
Wo wo wo
Mennaj ou enève mwen
Men cheri, mennaj ou enève m
Mennaj ou enève mwen
Si w ap tande, di l sa pou mwen tanpri
Mennaj ou enève mwen
Li pran tout sa m te reve
Fòs mwen nanm mwen
Sa fè m mal lè li touche w
M paka wè li pwoche w
Tout san m pike